Skip to content
ZAFENOU|Nou se Ayisien Lyrics - Klass
  • Zafenou BLOG
  • Forum
  • Radio
  • board
Menu
  • Zafenou BLOG
  • Forum
  • Radio
  • board

Nou se Ayisien Lyrics – Klass

Se nan solèy la mwen benyen
Lè mwen leve lè maten
Nan lawouze’m badijonnen
Mwen fyè ke’m se Ayisyen

Rasin mwen plante an Afrik
Yo te mennen’m ladan’n kou ti bourik
Men zansèt mwen te lite
Pou ban’m libète ak fyète
Frè m ak sè m pinga’n reziye’n
An nou chèche kon’n kisa’k bloke’n

Se vre chenn lan te soti nan pye n
Men nou toujou esklav nan panse n.

Pran almanak ann chèch’on dat
Nou bezwen yon lòt 1804
Zansèt nou yo te fè li deja
Li nesesè pou n refè l jodi a!

Yo kolonize n plizyè fwa
Sou yo nou toujou jwenn viktwa
Nou se yon pèp ki gen listwa
Nou se yon pakèt grenn ak bwa.

Lè pitit mwen mande m papa
Kiyès mwen ye?
Mwen gade li nan je
Ak ponyet mwen konsantre
Mwen di l, “Cherie se Ayisyen w ye!”

Frè m ak sè m pinga n reziye n!
An nou chèche konn kisa k bloke n!

Se vre chenn lan te soti nan pye n
Men nou toujou esklav nan panse n.

Pran almanak ann chèch’on dat!
Nou bezwen yon lòt 1804

Zansèt nou yo te fè li deja!
Li nesesè pou n refè l jodi a!

Ayisyen!
Nou se yon sel ras
Yon sel Klass!

Sa nou ye?
Nou se fanmi!

Se sa wi!

Yo kolonize nou plizye fwa
Boure sèvo n ak fatra
Fè n dezakòde!

Sa fè nou diveje!
Men pi vit nou rive aksepte sa
Se pi vit nou pral ka chanje sa
Ann ale!

Toujou toujou sonje!

Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!

Nou pa vle sa chanje!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!

ay mwen di se nomal o

Si yo kolonize nou plizye fwa
Boure sèvo n ak fatra
Pou n dezakòde!

Sa fè nou diveje!

Men pi vit nou rive aksepte sa
Se pi vit nou pral ka chanje sa
Ann ale!

Toujou toujou sonje!

Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!

Nou pa vle sa chanje!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!

Pa bliye lè chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl!

Yon sel ras mezanmi!
Yon sel Klass!

Sa nou ye?
Nou se fanmi!

Klass it is baby!
sa pa zobodob non

Se fyète nou!

Chante! Chante!

Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!

Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!

Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se ayisien

Facebook
Twitter
LinkedIn

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Affiliate Disclaimer

In some instances, we may link to products we believe in, and should you purchase any of these items, we may receive commissions from the vendors. Please note that you will only be charged the same amount. In such cases, we will only provide genuine product assessments.

Recent Posts

Zafem “LAS” Album Release Sparks Excitement After a 2-Year Wait

After a long two-year wait, fans of Zafem are finally

Ogou Feray: The Warrior Spirit You Need to Know

When you think of Haitian Vodou, you may not immediately

Erzulie Freda: The Alluring Spirit of Vodou

Erzulie Freda is an intriguing goddess in the Vodou pantheon.

Popular Haitian Names: Haiti’s Rich Naming Culture

Ah, the world of Haitian names! This eclectic blend of

Voodoo Symbols: Unraveling the Mysterious World of Veve

Hey there, curious soul! Have you ever stumbled upon mysterious

Discover the Magical Waters of Bassin Bleu, Haiti

Picture yourself in a tropical paradise, surrounded by cobalt-blue pools

ZAFENOU|Nou se Ayisien Lyrics - Klass
  • Privacy Policy
  • About us
  • Contact us
  • DMCA
Menu
  • Privacy Policy
  • About us
  • Contact us
  • DMCA
Facebook Twitter Youtube