Kay Blan Lyrics – Wendy featuring BIC and Vanessa

Hey yey yee
Hey yey yeeey
Hey yey yee
Hey yey yeeeyy

Se pa Lè pou’n kay blan,Se pa Lè pou’n kay blan
Se pa Lè pou’n kay blan,Se pa Lè pou’n kay blan


Se lè pou’m lakay
map manje pwason
Lè pou m ak cup mwe
M ap koule bwason

Se lè poum Dòmi
nan janm yon bèl marabou
Pou m ap montre’l sa yo rele gason

Se pa lè pou’n kay blan

Ann ale ann ale

Se pa lè poun kay blan

Se lè poun antre pou’n rekonstwi Lakay
Se pa lè poun kay blan

Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo

Ann akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo

Ann akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

Yo,
m’gen nostalji, M santim anbete
Se lè poun nan jwa poum santi’m nan guete
Lè poum antre, Poum santim lakay
Poum santi’m au soleil, Poum santi’m en été
M Gentan planifye, M gentan fè budget
Tout Bagay kalkile,M gentan konn prix biyè
Fòm al mete dlo lakay, yo rekonstwi nenpòt jan
fòm ale, fo’m al kontribiye
Se pa lè poum isi,M kòmanse krake
Lè poum lage banm kòmanse tape

Alo patron, M’bezwen konje
Poum kòmanse shopping,Poum kòmanse pake
Se lè poum ale,Poum al manje pistach griye, Kasav a lo

Poum al manje diri, Poum al manje lalo
Poum al manje pate kòde,Manje griyo
Poum al manje lokal,Poum al manje giyo

Ann ale ann ale
Konn chak gen èn nou lib, Nou bouke sibi mal la
Ann bal sak gen nan nou,Ann bal tout nou menm
Nou dwel tout sak gen nan nou

Li Bezwenm li Bezwn’w
Li Bezwen chak grenn nan nou


Li posib an nou fèl,Trò lontan l fèmen
Ann met men an nou fe’l

Nou Bezwen lanmou,Nou Bezwen union
Nou bouke tande dram,Nou Bezwen bon nouvèl
L’union fait la force,Nou Bezwen montre
Ouvè avion an nou Bezwen monte

Nou fatige

Mesye dirijan pran reponsablite w
Nou Bezwen rantre

Se pa Lè pou’n kay blan,Se pa Lè pou’n kay blan
Se pa Lè pou’n kay blan,Se pa Lè pou’n kay blan

Se le pou lakay map manje pwason
Lè pou m ak cup mw
M ap koule bwason

Se lè poum Domi nan janm yon bèl marabou
Pou m ap montre’l sa yo rele gason

Se pa lè pou’n kay blan

Ann ale ann ale
Se pa lè poun kay blan
Se lè poun antre pou’n rekonstwi Lakay
Se pa lè poun kay blan

Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo

Ann akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo

Ann akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

Tizon dife
Haïti gen 1327KM de côte
34 ti île
Nou gen solèy
Nou gen tè
Nou gen van
Nou gen lanmè
E tout ka itil

Nou se sèl peyi sou planèt la
Ki ka fè mango fransik
Nou nan Archipel des Antilles
Nou chita gueule golf du Mexique

Santi bon koute chè
E se en Haïti ki gen pi gwo feti fè
Kleren nou an pi bon ke vodka de

Ou pa kwèm

Al goute yon ti vè
Nou s’on bann afriken
Ki gen foli li nan Koran
Nap pèdi tan pandan canal du vent
Ka bay tout caraïbe la kouran

Se nou ki gen pi bon manje
Pi bon tè
Pi bon café
Pi bon cacao
Pu bon legim
Pi bon diri
Pi bon lalo
Pi gwo lakou
Pi gwo tanbou
Poun cacao

Epi Vil Chardonniere
Gen pi bon raisin sou latè
Sa vle di nou ka fè bon du vin
Divès kalitite pwodui
Tankou lwil maskreti
Ka ede haïtien sispan plengrennen

Se nou ki bay libète te te
Se nou menm ki enspire fyète te
Nou gran nou bel nou gen bote e
Klima nou an pi bon pade tout kote e e
Sou richès tout moun nou konn gyete e
Lanmou avèk fratènite e e
Dyaspora se pa lè poun nan tete te te te te te te

Se pa Lè pou’n kay blan,Se pa Lè pou’n kay blan
Se pa Lè pou’n kay blan,Se pa Lè pou’n kay blan

Se lè pou’m lakay
map manje pwason
Lè pou m ak cup mwen
M ap koule bwason

Se lè poum Dòmi
nan janm yon bèl marabou
Pou m ap montre’l sa yo rele gason

Se pa lè pou’n kay blan

Ann ale ann ale

Se pa lè poun kay blan

Se lè poun antre pou’n rekonstwi Lakay
Se pa lè poun kay blan

Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo

Ann akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo

Ann akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

Mwen manje gèp sou fèy twonpèt Tizon dife a pi cho
Le pauvre est celui l’ignore sa richesse

Bilolo Congo

Related posts