Nom kiltirel de seks, koman sa afekte opinyon nou?

tekla

Member
Nan pifò kilti, gason ak fanm asiyen diferan travay ki baze sou sèks yo. Pakonsekan, kilti jwe yon gwo rol nan zafe divizyon ki gen nan koze travay ant gason ak fi.

Nan tan lontan gason te tèt la nan kay yo. Founisè a ,on breadwinner kom yo di nan gwo lang blan. Se sa sosyete a rele yon nòm kiltirèl. Koulye a, pa gen AA konsa, fanm mete kanson menm jan ak gason. Pa gen zafe gason se chef kay anko.Nan 2020 bagay yo mele, chaje Fi ki se se pwopriyetè biznis, anpil fanm kandi pou pos politik.

Fanm pa rete devan 3 pye roch anko ap kwit manje. Gen neg menm, se yo ki fe manje lakay yo. Mwen gen on ansyen baz mwen Boston, se misye ki fe market lakay li. Bagay yo chavire net nan 2020 an.
Dapre ou, ki wol kilti jwe nan koze sa?


Nan tan lontan, te gen on jan pou jenn fi konpote li. Modesti te kle pou yonn jenn fi. Gason an menm, depi li ka pote nan kay la, li lwil.
Tout bagay chanje jodi a, Ki sa nou panse grann ak gran papa nou tap di nan koze sa?

Jwet pou ou...
 
Last edited:
Top