Kibò ou moun?... mwen mse moun Jacmel

Tilandeng

Moderator
Mwen se moun Jacmel, on bel ti vil nan Sides de Haiti. Yo rele li vill limyer, rezon an se paske Jacmel se te premye ville an Haiti ki te gen elektrisite ( dapre gran matant mwen).

Li te kolonize premyeman pa panyol yo e aprè fransè yo te pran tè a. Pifor kay nan Jacmel reflete achitekti style kolonial fransè.

Jacmel se kote ki gen pi bel plaj tankou Cyvadier ,ti mouyaj, raymond des bains e youn ke anpil moun pa konen congo plage kote sab yo nwa.

Nou gen osi bassin bleu ak kaskad pichom kom 2 nan pi bel atraksyon natirel ki gen an Haiti. Jacmel is Haiti's cultural hub, ki vle di ki vreman atistik.

Pa gen tankou kanaval Jacmel, avek bel kostim, mask e regulye ochan maskarad sa nou rele chaloska yo. Kanaval Jacmel pa selman danse gouye men nan chak rakwen, wap jwenn on espas literer, poetik ak teyat.

Bel ti ville sa bay anpil gro notable de renomé telke René Depestre (gro poet)
Mikaelle Jean ( ansyen gouvernè Canada), Magloire Ambroise ( hero istorik) Alexandre Gregoire (painter) et gran pè'm kem mpa site nom li. Youn nan lot bagay ke Jacmel renome ankor c bel fanm😊.

Mpa vreman konen kisa Jacmel renomé nan agrikilti trop men mwen konn wè anpil kann, kafé ak siwel. Gen lot mpa finn so je non yo. Manje ke fanmi ki t ret andeyor net ( terre rouj) kem m te wer yo renmen fè souvan se t lam veritab boukannen ak ti pwason zwit yo. Annik pase l nan sand epi baton 🤢🤮.

Bel souvni m de jacmel c leve chak matin apre on gode kafe biswit epi akonpanye ti fanmi m yo nan lanmer al peche omar ak kribich...

E ou pale m de kotew sorti...
 
Last edited by a moderator:

zafenou

Staff member
tet chaje, don't you see the difference ? before/after. You have to hit enter after 2-3 sentences for new lines. That makes it more readable. Writing for the web is different than writing for school-works, formal pieces, etc...
 

tekla

Member
An palan de Jakmel, mwen te konn toujou panse jakmel se te bel moun Selman li te bay. Premye fwa mwen ale jakmel an 2008-2009 yo mwen te fe on gwo tonton sezisman.

Parol pale koze konprann, but bel ti vil anba ti syel ble sa...
 

Tilandeng

Moderator
An palan de Jakmel, mwen te konn toujou panse jakmel se te bel moun Selman li te bay. Premye fwa mwen ale jakmel an 2008-2009 yo mwen te fe on gwo tonton sezisman.

Parol pale koze konprann, but bel ti vil anba ti syel ble sa...
Of course Jacmel bay bel moune. La preuve en est tres grande
 

zafenou

Staff member
I used to think so too until I visited Jacmel for the first time in 2008. True, gen kek bon ti grenn nan vil jakmel, but an gwo, se pa pale.
 
Top