Happy US Father's Day

Tilandeng

Moderator
Jodi a se fèt papa nan etazini. Jou sa se fèt sa ki la pou onoré tout gason ki papa swa biolojikman swa pa adopsyon ou menm ki gen pou vinn papa.

Men anpil fwa mwen remaké ke medam yo pran jou sa pou yo tout. Swa yo pran jou sa pou yo bash tout gason ki fè yo mal ou byen pran jou sa pou fè eloj ak fanm ki pou on rezon ou on lot arive jwé 2 rol (papa ak manman) nan vi pitit yo.

Wi se vre, map premye moun ki di ke fanm se sinonim kouraj men an menm tan map profite di tou ke menm lè lavi a ta bay on fanm on mové main, pa gen anyen ki ka ranplase plass papa ( biolojik ou adoptif) nan vi on tifi ou tigason. Esperyans on papa ka pote nan lavi on timoun diferan de sa on manman ap pote. Alò medam, sispan konfiouz timoun yo nan mete nan tet yo ke on gason pa gen inpotans.

Menm lè nou ta rankontré on move grenn nan chache promenen nou, pa kite ti gason yo panse ke yo pa beswen nan vi pitit yo jus paske yo wè manman yo te byen okipé yo, kidonk fanm pa vreman beswen sipò yo.

Pa kite ti medam nou yo, mete nan tet yo ke manman yo te fè edikasyon yo san èd on gason and they turned out alright. That all men are dogs.
STOP THE CYCLE!!!fathers.jpg
 
Last edited:

tekla

Member
Mwen te konn tande fet manman an Ayiti, se icit mwen vinn aprann ke papa te gen jou tou. Telman le mond Ingra, yon papa ki se poto mitan nan on kay, se depi 1e janvye yo ta dwe bay papa jou sa.

Le 1e se nou, le denye se nou,
leve chay lou se nou,
kale timoun, se nou
kouri deye lougarou, se nou

a la Ingra lemonn ingra
 
Top