Bondye gran

Fadia

New member
Mwen di bondye mesi premieman paske li banm opotinite poum temwanie grande li,mwen kontan tou kem ka itilize forum zafenou,Nan fason pam poum temwanie janm bondye Pam lan Gran,li pa pran defi,li pa janm an reta,tout sa li Fe,li Fe yo Nan tan li vle ,Nan moman li vle.sa je lom ka we ki yon obstak la.

pou bondye li pa anyen se jis lekol bondye poum bay lezom tan pou konprann grande li,map di a chak moun Kap li post sa,pa inkiete nou de anyen menm le nou wel Fe nwa,pesonn paka konprann nou,men jezi konprann nou.

mwen Marie September 2009 ,2011 mwen ansent premie pitit mwen Sou 6 mois m pedil ,deyel mwen ansent 6 lot m pedi tout,mwen ka di mwen pouse 7 pitit ate .

mwen pa kinbe yonn ,ebien pandan Corona sa,bondye di se ase,Sou 8em lan bondye kanpe pou mwen,li banm yon pitit Fi,mwen ba li glwa,SI ta gen yon moun ki ka petet PAse pa eprev Pam lan.pa inkiete nou,bondye pa bliyew,li konn AP suiv plan Satan poul paret poul montre grande li 🙏🙏
 
Last edited by a moderator:

tekla

Member
Glwa a DYE!, Amene, mezanmi lem di nou bondye grenn nan bouda sa, pa gen anyen li pa fe, nou te konn ap ri mwen.

Mwen byen kontan pou ou site a, Ipokrit yo pral sezi. Genyen ki te menm gentan panse korona te pase pran ou.


Map tann lot zanmi an vinn di nou sa bondye grenn nan bouda fe pou misye tou nan epok korona sa si li pa ipokrit.
 

Tilandeng

Moderator
Mwen di bondye mesi premieman paske li banm opotinite poum temwanie grande li,mwen kontan tou kem ka itilize forum zafenou,Nan fason pam poum temwanie janm bondye Pam lan Gran,li pa pran defi,li pa janm an reta,tout sa li Fe,li Fe yo Nan tan li vle ,Nan moman li vle.sa je lom ka we ki yon obstak la.

pou bondye li pa anyen se jis lekol bondye poum bay lezom tan pou konprann grande li,map di a chak moun Kap li post sa,pa inkiete nou de anyen menm le nou wel Fe nwa,pesonn paka konprann nou,men jezi konprann nou.

mwen Marie September 2009 ,2011 mwen ansent premie pitit mwen Sou 6 mois m pedil ,deyel mwen ansent 6 lot m pedi tout,mwen ka di mwen pouse 7 pitit ate .

mwen pa kinbe yonn ,ebien pandan Corona sa,bondye di se ase,Sou 8em lan bondye kanpe pou mwen,li banm yon pitit Fi,mwen ba li glwa,SI ta gen yon moun ki ka petet PAse pa eprev Pam lan.pa inkiete nou,bondye pa bliyew,li konn AP suiv plan Satan poul paret poul montre grande li 🙏🙏
Alelouya AMEN!
-Ya sipann fer pitit pitit yo pase pou pitit yo pou montre ke menm apre menopoz yo ka gross epi ou menm ou pa kapab. Banm tann congratulations ak tout boul borlet yo genyen nan fer rev mirak sa..
-Kom yo t di w "don't hate" petet si w met lafwa bondye va resi baw youn pou w pa rayi lot ki k ansent menm apre menopoz, bondye sanble t sou pp jou sa.
- Allo Cathy, milyoner pa error ( rektifikasyon) kom jezi t chanje dlo an diven, kijanw ta rele mirak milet sa??
 
Last edited:

Fadia

New member
Wi pa gen anyen bondye pa Fe,li te Fe anne ki te sterile ansent,li te bay Sara pitit a90 ans,ebien li fel pou moin ki pat ka kinbe pitit tou,tout glwa pou bondye 🙏🙏🙏🙏
 

tekla

Member
Sa kap pase konsa nan kay la? Mwen te panse temwayay sa tap rive sou plis moun. Sak fe li pa rive sou ou?


Sel sa mwen panse ki te dwe ajoute, se kek konsey pou sa kap vini yo ki ka petet nan menm sitiyasion sa.

Mwen ta renmen tande plis detay like konbyen fwa pa jou moun yo degaje yo pou yo arive akouche bel pitit sa.


Mwen ta renmen konnen si gen nouvo pozisyon ki eseye, etc...
 

Fadia

New member
Mwen te bay konsey la deja,si ta gen yon moun ki ta subi menm problem sa,se fe bondye konfians ,pa dekouraje ni Fe tout ou mal pou vie pawol ou ka jwenn moun diw,epi pesevere pou jwenn rezilta ,se pa konbyen fwa men se konte sou sa bondye ka fe.
 
Top