Tilandeng
Moderator
Post kap fè aktyalite sou Facebook c on video kote on djaspora antre nan on maryaj on fanm li tap oqp. Misye voye lajan dimanch ak mèkredi pou fi a epi samdi fi a ap marye ak on lot neg..
Kesyon mta renmen poze, poukisa anpil neg isi panse se Haiti pou yal cherche “on bon grenn fanm”? Pou valè fanm ki gen kote yo ye a pouki se jus Haiti yo envesti?
Youn nan komantè yo di se paske bill fanm Haiti pa anpil.
Gon lot ki demanti l pa prouve de A a Z ke bill la konn pafwa plus. Tel ke bill tikè pou djaspira a vwayaje, bill lwaye kay, bill manje. Pafwa bill tout fanmi an se sou kont djaspora a li ye e tout bill sa yo pafwa c 2 ou 3 fwa pa ané ke djaspora a jwi kob li an.
Kidonk kesyon mta renmen poze nou, eske c bon pou djaspora a? Eske fi a je l pa manke pa chech, ou byen eske noubpanse malere fi a ap marye ak li an eske l konen zak fi a ?
Pa neglije di sa nou panse….
Continue reading...
Last edited by a moderator: